Ewo Chak Jou: Ekriti Elèv Literacy NJ
Mwen gen katran depi m ap anseye elèv yo endividyèlman e an gwoup. Mwen aprann pi plis nan men elèv mwen yo pase yo menm yo aprann nan men m. Mwen rankontre moun ki te gen ase kouraj pou kite peyi yo pou yo kòmanse yon nouvo lavi nan peyi sa a. Yo travay di ak kè kontan pou yo aprann lang nouvo peyi yo a. Mwen admire detèminasyon yo pou kreye yon bon lavi ki an sekirite pou fanmi yo. – Jane Von Jaglinsky, titè
Lè elèv nou yo aprann angle epi amelyore nivo alfabetizasyon yo, yo jwenn fason pou yo ede kominote yo, epi kominote nou yo vin pi rich grasa kontribisyon yo. Magazin ane sa a gen ladan l ekriti elèv yo sou fason yo fè sèvis, aksepte diferans ak divèsite, ak simonte defi pou pouswiv kwasans pèsonèl. Nou fyè pou nou pataje istwa yo.
Literacy NJ egziste pou tout granmoun gen opòtinite pou li, ekri, epi kominike efektivman. Mèsi a AmeriCorps ak Komisyon New Jersey Dr. Martin Luther King, Jr. pou sipò yo bay vizyon nou an epi pou ede nou kreye yon sosyete ki pi ekitab atravè sèvis.
